Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > Dossiers > Afrique > Asie > Amérique Latine > KOMITE SYANS AK KILTI/AYITI Bilten #5 – 25 Mai 2020

KOMITE SYANS AK KILTI/AYITI Bilten #5 – 25 Mai 2020

mardi 9 juin 2020

Komite Syans ak Kilti rasanble pwofesyonèl diferan kapasite, konpetans ak eksperyans pou pale ak konpatriyòt nou yo, pataje enfòmasyon ak popilasyon an epi akonpaye l nan move pas lap travèse anba pandemi koronaviris. Espesyalis ki nan demach sa vle reprezante yon vwa moral, etik ak teknik nasyon an ka tande. Komite Syans ak Kilti ap analyze desizyon Leta a pran nan kad pandemi an, degaje fòs ak feblès dezisyon sa yo epi pwopoze repons adapte ak kontèks ayisyen sou baz konesans syantifik ak tradisyonèl. Firamezi pandemi an ap avanse pandan lavi ap kontinye, Komite Syans ak Kilti pran angajman fè soti bilten pou kominike ak nasyon an analiz ak rekòmandasyon ki pi koresponn ak moman an.
Ayiti ap antre nan konba pou lavi sou tè a
« Yon mouvman sitwayen rezistans kont plan anti moun kap layite alokazyon pandemi Covid-19 la »

Sitwayen ki wè mask ak distansiyasyon sosyal la tankou yon dispozitif kontwòl sosyal, dwe fome yon kouran andedan sosyete a. Pote plis bon jan enfòmasyon pou kore konsyans pèp la nan sa li deja konpwann sou koze kowona a olye n patisipe nan fèl bwè popagann ofisyèl.
San nou pa tonbe nan nye ekzistans kowona , san apiye ni demanti san prèv bri kap kouri sou orijin viris la , nou pa dwe ap fè jako repèt ak fèmen je nou sou tout dimansyon politik ak ekonomik pogwam pandemi sa a charye ak li. Koze sa a parèt nan yon moman trè fwajil mond lan ap travèse kote tout fòm kalte kriz te deja anonse ki tap vin met abse sou klou menas ki pandye sou tèt tout limanite. Gwo pisans yo kontinye anpile tout kalte zam teknolojik sofistike , anpil milya dola ap depanse nan tout kalte rechèch pou mennen fòm lagè menm syans fiksyon pat ka imajine, pandan milyon kretyen vivan ti moun kou gwan moun ap mouri grangou, anba bonm sofistike, maladi, travay nan min san poteksyon elt. Kriz anviwonman, espès vivan kap disparèt pa milye, polisyon, tou sa pote moun ap reflechi nan konben tan ankò lèzòm ap ka ret viv sou tè a.
Lakay ayiti ki se youn nan pi gwo viktim ansanm madichon sa yo sistèm kapitalis mondyalize a lage sou do pèp yo. Nou vin tankou yon pwen kote tout sa sistèm nan charye kòm malè vin konsantre, san ke nou pa janm te lozye nan soup. Nou sibi tout domaj li, san nou pa janmen jwi ankenn nan ti lasibab yo di li pote pou limanite nan ribrik swadizan pogrè. Malsite, vyolans, destriksyon anviwonman, koripsyon politik, vis touristik, biznis imanitè, okipasyon militè, mank dega diplomatik, pase diyiten anba pye elt, tou sa se lo pa nou nan tout faz deplòtonman sivilizasyon oksidantal la. Sa ka parèt grav pou nou men gen dwa tou se yon opòtinite pou nou antre pi byen nan lòt mond ki dwe vini an.

“Koze vaksen an yon kesyon politik ki mande yon mobilizasyon konsyans rapid”
Semenn pase a vijilans sitwayen yo pou bare koze vin fè tès vaksen kont SAS Cov-2 sou Ayisyen, montre imaj bwat vaksen konpayi Ayisyen Imedis ta fè antre nan peyi a ak lese pase MSPP pou ONG ki rele Crudem kap jere lopital Sakrekè nan Milo. Malgre pa gen anpil bri ki fèt ak sa, nap mande eske se yon lòt son klòch nou vle pote nan deba kap fèt yo, wbyen senpman enfo nou vle simaye.
Eske nou gen yon liy sou kesyon an apati yon demach analiz diferan pozisyon kap soti yo, ki ka pèmèt trete enfòmasyon kap sikile yo pou mennen yo nan yon direksyon. Pa ekzanp nan ka Ayiti kòman nap abòde kesyon vaksen an. Paske se youn nan gwo anje koze korona a, ki gen yon gwo dimansyon politik atravè konpetisyon pou fè pèp tounen alafwa kobay epi konsomatè vaksen, san konte lòt konsekans sa ka gen non sèlman sou lasante men kòm enstriman pou kontwole kò ak bonanj moun yo pi byen.
Gen yon ijans pou pare ak kesyon vaksen sa a wbyen lòt medikaman tou kòm prinsipal aksyon rezistans politik nan moman an. Sa mande pou nou byen atikile diferan dimansyon(politik-ekonomik-sosyal,kiltirel...) ki gen nan koze a. Konpetisyon gran pisans yo pou kouri fabrike yon vaksen konsantre nan li tout danje kanpay panik kowona a sa a charye ak li, jis riske yon afwontman dirèk ant gwo towo tankou Etazini ak alye li yo yon bò ak Lachin epi patnè pal yo yon lòt bò. Piske nou te deja nan yon kontèks efondreman, kriz jeneral sistèm kapitalis la ak ansanm sivilizasyon podiktivis oksidantal la, moman an ka debouche sou yon akselerasyon ak tout vitès katastwòf ki te deja ap kouve nan matris sistèm nan. Nan sans sa a korona ta plis parèt tankou :
1) Yon pwan devan pou abitye popilasyon yo viv sou kontwòl yon pouvwa totalitè
2) Yon akseleratè ki peze kote dirijan yo ka pèdi kontwòl li
3) Yon opòtinite pou limanite antre nan yon lòt mòd sivilizasyon ki rekonsilye lèzòm ak lòt kreyati ki pataje planèt la ak yo. Nou ta dwe enskri sa nap fè a nan jefò kap fèt toupatou pou avanse nan twazyèm opsyon an. Sa mande yon mobilizasyon entèlijan tout konsyans ki vle chanjman pou reziste kont 2 lòt opsyon yo. Ankouraje, chache, adopte repons lokal pou konbat viris la, enpòtan anpil nan sans sa a kòm aksyon politik, tout pandan nap demistifye vye diskou panik sou koze korona, ki vle fè pèp la bliye veritab poblèm lap konfwonte. Nou pa dwe patisipe ni asepte yo vann pep la ni enpozel kowona kon pi gwo katastwòf kap siyalel, pandan zòt ap pwofite mete tout bagay an plas pou anfonse peyi a nan veritab sitirasyon katastwofik lap sibi depi dikdantan. Erezman pèp la byen konpwann jwèt kap jwe a. Se sitou save nan kesyon sante pa bò isit ki pou fè atansyon pou yo pa antre nan jwèt makawon sa a. Okontrè se bal bon jan enfòmasyon syantifik sou rezon ki ka fè sil pwan prekozyon goudougoudou sa a ka pa fè ravaj lakay.

« Ki konpreyansyon Komite Syans ak Kilti sou zafè tretman Covid-19 nan mond lan ak lakay nou »

Devan pil ak pakèt enfòmasyon sou rechèch ak tretman ki aplike kont Covid la, ou dwe pran san w pou dekante sak sanble vre ki vize pwoteje sante moun ak sak sanble ak defann enterè endistri remèd nan mond lan (Big Pharma) ak kèk sektè nan gwo òganizasyon mondyal yo. Big Pharma ki kontwole pifò òganizasyon mondyal la sante yo pito kontinye finanse etid ak rechèch pou deklare tretman ki bay rezilta yo pa bon vre. Yo ta menm reprezante yon danje pou sante alòske tout moun ka wè yo bay rezilta nan moman yo tap sevi avè yo a ak nan eta konesans sou maladi a te ye nan moman an. Malgre konbinezon Idroksiklowokin ak Azitromisin ap bay rezilta gen etid san konklizyon serye kap di li danjere san yo pa di pa sevi avè yo ni san yo pa pwopoze lòt opsyon tretman (ref disponib).
Lakay nou politik jako repèt pou panike popilasyon an ap kontinye. Ou ta di syantifik alatèt nou yo derefize chèche ak aplike ofisyèlman metòd tretman ki bay rezilta nan sèten lopital nan peyi tankou Itali pa ekzanp. Nan moman an, konesans sou maladi a nan peyi sa, montre nesesite sèvi ak medikaman ki anpeche san w fè ti boul ti boul andedan ko w. Tretman sa ki bay rezilta retire ventilatè kòm aksyon prensipal nan trete maladi a ak diminye kantite moun kap mouri. Nou poko wè otorite sante yo apwoche kesyon an nan sans chèche sove lavi plis moun posib. Chak lopital tabli pwòp pwotokòl tretman yo san tan otorite yo. E gen moun kap sove pandan leta ap konte kadav ak kantite ka pozitif.
Lot enfomasyon ki ankourajan pou rezistans popilasyon yo se kantite moun ki pou ta trape kowona pou tout popilasyon an ta pwoteje. Sa ki rele « iminite kolektif ». Olye pou se 60-70 pou san moun ki pou ta trape viris la se sèlman 6-10% moun ekfekte kap nesesè pou tout popilasyon yon peyi ta pwoteje selon analiz syantifik kèk espesyalis nan domen nan (ref disponib). Ou ta di syantifik lakay nou yo sere enfòmasyon sa yo sitou yo pa ale nan sans pil ak pakèt moun ki dwe mouri. Gen peyi tankou Norvege, Portugal (gen lot tj) ki pa pratike rete lakay menm jan pèp ayisyen fèl la, ki pa gen anpil ka lanmò menm jan ak Ayiti.
An reyalite se yon de (2) kan kap jwe ant gwo endistri medikaman ki bezwen fè plis lajan nan moman fas ak syantifik ak medsen tradisyonèl ki pi enterese nan lavi moun, ak lavi an jeneral.
Yon apwoch ki priyorize lavi moun ap rekonèt rezilta tretman ki aplike jiskaprezan yo menm kan yo dwe kontinye amelyore. Ijantis italyen yo fè yon avanse nan konpreyansyon maladi a ak apwòch tretman ki pi koresponn. Liy politik valorize lavi moun ap rekonèt tou rezistans pèp yo devan volonte ejemonik yon ti ponyen moun sou tout aspè lavi sou tè a. Madagascar ak 37 peyi Afrik pwopoze diferan apwòch tretman ki bay rezilta tout moun rekonèt. Pèp peyi sa yo kanpe ansanm pou bare enfliyans antimoun ak anti tradisyon kèk sektè nan gwo òganizasyon mondyal tankou OMS ap layite. Travay rechèch kap fèt nan peyi sa yo dwe pote mak fabrik apwòch altenatif demokratik ki gen nan medsin tradisyonèl yo. Rechèch sa yo dwe endepandan yon OMS ak inivèsite ki deja mete tèt yo osèvis Big Pharma yon fason pou kontre enfliyans sektè sa ak tandans anti moun yap manifeste a. Si rezistans fas ak Big Pahrma rive nan rediskite wòl OMS se ap yon viktwa etap enpòtan. Se ap kòmansman ranvèsman ejemonik sivilizasyon lanmò a.
Pou le moman pa ta dwe gen dan di kont oken apwòch tretman pase pesonn pa konnen ki medikaman pou kont li oubyen ki konbinezon medikaman ki pi efikas pase yon lòt.
Pozisyon dan di a ta dwe kont manèv endistri mondyal la (Big Pharma) ki pa toujou bay verite sou pwopozisyon tretman anpil maladi. Se pa jodi a yo ta chanje strateji fè lajan nan nenpòt kondisyon menm nan kreye maladi pou vann medikaman yo menm ankò fabrike.
Pral gen lòt dekouvèt ki pral konfime, amelyore oubyen rejte prizanchaj ki fèt nan moman evolisyon maladi a jounen jodi a. Peyi ki anba enfliyans total Big Pharma yo ap prepare opinion piblik yo yon jan pou yo ta asepte, san reyaji, chanjman kap vini nan domèn medsin nan ak entelijan atifisyèl (IA), nanoteknoloji, jeni jenetik ak nimerizasyon lavi tout vivan sou tè a. Se yon kontèks politik nouvo kap menase nou sou tè a. Totalitaris teknolojik la se prensipal mak fabrik estrateji pou fè repwodiksyon kapitalis la nan yon fòm nouvo. Sonje gwo save Stephen Hawkings te atire atansyon mond lan sou danje IA ki gen kòm objektif depafini ak karakte moun nou gen nan nou an pou tabli sa espesyalis yo rele « La Civilisation de l’Homme Inutile ». Sivilizasyon sa bezwen mwens moun pou podui byen konsomasyon. Manje deja ap fèt nan laboratwa, wobo ap ranplase moun nan preske tout domèn lavi. Sivilizasyon sa jis bezwen moun ki ka konsome podui teknolojik yo alòske dapre yo, latè gen twop moun ki pap jan kapab rive antre nan nivo devlopman teknolijik sa. Yo se yon chaj anplis, yo jis pa bezwen yo.

« Nou pat panike pou Kowona, Nou pap kontinye pran presyon yon leta anti lavi »

Otorite peyi yo sanble yo pi byen konprann avantay ki gen nan simen panik kowona. Li pwolonje etadijans pou yon tan renouvlab epi entèdi tout reyinyon ki depase senk (5) moun. Nou nan katastwòf vre wi men se pa kowona ki pi rèd.
Plis konesans ap rive chak jou sou viris la an menm tan tou spesyalis yo komanse pale devan panik leta yo blayi nan mond lan. Pandan katastwòf save yo predi pou nou an derefize rive, leta ayisyen pran yon dekrè ki konfime volonte l pou mete plis kontwòl ak limit toujou nan lavi moun.
An reyalite analiz yo montre demach la plis politik represyon pase li ta montre volonte pou pwoteje la sante. Li antre nan liy pou anpeche sitwayen yo bay dizon yo ak reyaji devan katastwòf sosyal ak ekonomik viris kowona vin anplifye. An Ayiti menm jan nan anpil lòt peyi popilasyon yo derefize konfinman (rete lakay) konsa konsa san refleksyon, san akonpayman teknik, soyal, sanitè ak politk. Se mwayen pa nou pou endike chimen repons kolektif fas ak pandemi an. Nou ka remake repons sa chita sou fòs tradisyon nou kòm pep nan dimansyon spirityel, medikal, soyal ak ekonomik li pote. Li pa senpman chita sou desizyon bridsoukou mond oksidantal la te pran nan kòmansman pandemi an.
Tradisyon an toujou di tout moun dwe viv, Ayisyen montre se sa lap defann malgre opozisyon leta.
Tradisyon an toujou di wòl nou kòm moun se pwoteje lavi tout vivan, moun, zannimo ak pye bwa. Leta derefize ankouraje lavi.
Tradisyon an kreye anpil moman ak espas pou ayisyen rete an kontak youn ak lòt, nan mache, nan lekòl, nan fèt tradisyonèl yo elt.. Leta soti pou fèmen tout pou detwi lavi.
Tradisyon yo aprann popilasyon an enpòtans travay. Leta soti pou ranplase moun pa machin wobo.
Konsyans popilasyon pi wo nan moman pase konsyans dirijan yo. Presyon leta ap bay konnye a pa konsène nou si yo pa pote mak fabrik tout sa nou gen tradisyon an pou pwoteje lavi.

Koze kowona a, abse sou klou kiyès ?
Bridsoukou koze viris la debake mete lemond antye an branl. Gwo peyi yo ki tap bouloze nan sistèm neoliberal kote tout bagay nèt tounen machandiz, kit sa yo vin jwenn kit sa yo podwi, gwo peyi sa a yo tonbe anboulatcha. Yo sanble dapre sa yo di ak jan yo konpòte yo, yo pat parèt pare pou sa. Yo dekouvri sistèm sante te sou lagraba, lopital piblik te privatize selon lojik neoliberal la, san konte pèsonèl sante ap plenyen yap mal touche yap mal viv. Malgre se lakay yo dega ap fèt, loksidan deklare depi l touse tout rès mond lan sipoze pwatrinè. Se konsa depi istwa sa a demare, chak jou yap predi kouman kontinan afriken an pwal ravaje Nou pa bezwen pale pou Ayiti. Ki dwa nou poun pata kontamine latèt opye, vide atè tankou mouch. ‘’blan an diw mouri wap diskite’’ ? Se konsa nèg save anbake tèt bese , selon jan yo etidye sa blan an di se sa. Gouvèlman anbake sanble gen kèk dola kap tonbe pou kowona.

“Konsey san pran souf”
-  Lave men ak savon epi kenbe distans fizik 3 pa se meye fason pou pwoteje tèt ou.
-  Mete mask si ou yon kote ki gen anpil moun. Pa kite mask la lontan n an figi w.

Répondre à cet article