Komite Syans ak Kilti rasanble pwofesyonèl diferan kapasite, konpetans ak eksperyans pou pale ak konpatriyòt nou yo, pataje enfòmasyon ak popilasyon an epi akonpaye l nan move pas lap travèse anba pandemi koronaviris. Espesyalis ki nan demach sa vle reprezante yon vwa moral, etik ak teknik nasyon an ka tande. Komite Syans ak Kilti ap analyze desizyon Leta a pran nan kad pandemi an, degaje fòs ak feblès dezisyon sa yo epi pwopoze repons adapte ak kontèks ayisyen sou baz konesans syantifik ak (...)